Immigration

Pwolongasyon Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayiti


WASHINGTON — Sekretè Sekirite Enteryè Jeh Johnson pwolonje nominasyon Ayiti pou Stati Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status, TPS) pou yon lòt 18 mwa. Pwolongasyon nominasyon an ap anvigè ant 23 janvye 2016 ak 22 jiyè 2017.

Benefisyè TPS Ayiti pou kounye a kap chèche pwolonje estati TPS yo dwe anrejistre ankò pandan yon peryòd tan 60 jou ki soti 25 out 2015, pou rive 26 októb 2015. Sèvis Sitwayen Ameriken ak Sèvis Imigrasyon (USCIS) ankouraje benefisyè pou yo anrejistre ankò san pèdi tan, kou peryòd tan 60 jou pou re anjistre a kòmanse. USCIS pap asepte fòmilè anvan 25 out 2015.

Estansyon 18 mwa a pèmèt tou moun kap reanrejistre pou TPS fè demann pou yon nouvo Dokiman Otorizasyon pou Travay (Employment Authorization Document, EAD) Benefisyè TPS Ayiti kalifye kap reanrejistre pandan peryòd tan 60 jou a epi kap mande yon nouvo EAD pral resevwa youn kap espire nan dat 22 jiyè 2017. USCIS rekonèt sèten nan moun kap reanrejistre yo ka pa resevwa nouvo EAD yo apre EAD ki nan men yo an espire. Se pou tèt sa USCIS ap pwolonje otomatikman dat espirasyon EAD TPS Ayiti ki pote dat 22 janvye 2016 yo pou yon lòt sis mwa. EAD sa yo ki egziste deja valid kounye a pou jiska 22 jiyè 2016.

Yo te chwazi premye fwa Ayiti pou TPS nan dat 21 janvye 2010 apre yon kokenn tranblemantè te devaste peyi a. Apre konsiltasyon ak lòt ajans federal, Depatman Sekirite Enteryè (Homeland Security) jwenn sitiyasyon jounen jodi nan peyi Dayiti se bon rezon pou pwolongasyon peryòd nominasyon an pou benefisyè TPS pou kounye yo.

Pou reanrejistre, benefisyè TPS pou kounye yo dwe prezante:

Moun kap fè demann ka mande pou USCIS elimine frè aplikasyon Fòm I-765 lan ak/oswa frè byometrik yo sou baz enkapasite moun lan pou l peye. Pou fè sa, moun kap mande yo dwe ranpli yon Form I-912, Request for Fee Waiver oswa voye yon demann alekri. Demann eliminasyon frè fèt pou yo akonpaye ak papye kap kore demann lan. USCIS pral rejte aplikasyon TPS tout moun kap fè demann ki pa voye frè dosye yo mande a oswa yon demann eliminasyon frè ki akonpaye ak bon jan papye.

Tout fòm USCIS yo gratis. Moun kap fè demann ka telechaje fòm sa yo sou sit wèb USCIS la nan uscis.gov/forms oswa yo ka mande yo nan telefòn nan nimewo 1-800-870-3676 gratis USCIS la.

W ap jwenn enfòmasyon anplis sou TPS pou Ayiti—tankou konsèy sou kalifikasyon, pwosesis aplikasyon an, epi kote pou depoze l nan uscis.gov/tps. Genyen plis detay sou estansyon TPS pou Ayiti sa, tankou kondisyon ak pwosedi aplikasyon yo, nan yon avi Federal Register ki pibliye jodi a.

Moun ki fè demann epi kap chèche enfòmasyon sou stati dosye endividyèl yo ka tyeke My Case Status Online, oswa rele USCIS Contact Center nan 1-800-375-5283 (TTY 1-800-767-1833). Pou jwenn plis enfòmasyon sou USCIS ak pwogram li yo, ale sou uscis.gov. Swiv nou sou Facebook (/uscis), Twitter ( uscis), YouTube (/uscis) ak sou blòg USCIS la The Beacon.





READ NEWS SOURCE

This website uses cookies. By continuing to use this site, you accept our use of cookies.